PWOGRAM E SÈVIS » ENTRODIKSYON
Nou ofri anpil kalite pwogram ak sèvis ki ede moun ak fanmi ki sòti nan kominote Ayisyen ak karibeyen yo mennen yon vi pwodiktiv kote yo genyen lasante ak byenèt. Nou genyen tou pwogram ak sèvis pou moun ak fanmi ke epidemi SIDA HIV a afèkte oubyen enfèkte. Amplwaye ki nan pwogram yo byen prepare e se de moun ki renmen sa yap fè a e deside pou ede tout klian yo. Li trè fasil pou patisipe nan pwogram nou yo ki pran kilti nou an an konsiderasyon.
ISTWA PWOGRAM SOU SIDA
Pwogram SIDA nan KONSÈY SANT AYISYEN an ke yo rele tou KOALISYON AYISYEN SOU ZAFÈ SIDA te kòmanse nan lane 1983. Lè epidemi Sida te fèk kòmanse nan kòmansman ane 80 yo, SANT POU KONTWÒL MALADI pa bò isit (CDC) te rele maladi sa a 4H: Emofilyak (Hemophiliac), Omoseksyèl (Homosexual), Eroyinomane (Heroinomane) ak Ayisyen (Haitian). Ayisyen se sèl gwoup etnik ke yo te lage maladi a sou do l. Yo te fè anpil diskriminasyon sou kominote Ayisyen e kominote a te rele anmwe. Asosiyasyon Doktè Ayisyen a Letranje, Asosiyasyon Travayè Sosyal Ayisyen, Fon Pou Defans Legal Ameriken, Konsèy Sant Ayisyen an ansanm ak tout lòt afilye l yo te kolabore pou yo te kreye Koalisyon Ayisyen Sou Zafè SIDA. Prensipal bi Koalisyon an se te goumen pou te fè CDC chanje definisyon defavorab sa a. Gwoup la te fè anpil reyinyon ak CDC e finalman, an jiyè 1983 yo te pote la viktwa. CDC te chanje definisyon yo a e OFISYÈLMAN yo pat rele SIDA (4H) ankò.
Sepandan anpil moun nan kominote a te deja atrape SIDA, se pa paske yo te Ayisyen men se akòz de move konpòtman ke yo te genyen. Batay ak CDC a te fini, men nou te gen pou kontinye gwo lit sa a toujou. Nesesite pou nou edike kominote a sou sijè de HIV pou nou trete yo e an menm tan pou bay moun ki deja enfèkte yo sèvis. Bezwen sa yo fè ke nou te oblije divize sèvis nap bay yo nan 4 Gwo Seksyon: 1) Asistans pou fè moun jwen kay, 2) Goumen sou zafè imigrasyon, 3) Mache bay enfòmasyon ak fè pwogram pou ede jèn yo.
|