Byenveni
nan nouvo sit entènèt Konsèy Sant Ayisyen
an. Nou ta renmen ke w ale ladan l pou ka
gade ak chache tout sa ke nou fè pou ede
moun ki nan kominote a ak tout lòt moun ki
bezwen sèvis nou. Nou panse ke w va jwen
anpil enfòmasyon ki ka ede w ak anpil lòt
resous ki genyen ke ou pat konnen kote pou
jwen.
Nan sit sa tout sa w pwal wè, tande, ak li
se gras ak lajan ke sant la te resevwa nan
men (NYC Community of Color), Nouyòk Siti
Koalisyon Kominote Koulè sou Sida pa
lantremiz (New York City Department of
Health and Mental Hygiene) Nouyòk Siti
Depatman Lasante ak Lijyèn Mantal ki
se - kontraktè prensipal –ak Biwo
Kominote Resous Echanj (Community
Resource Exchange). N ap di yo ou gwo mèsi
pou opòtinite sa ke yo bannou pou ede,
enfòme ak edike kominote a a pwopo de
pwogram e sèvis ke nou bay, prevansyon ak
trètman pou HIV/SIDA e tout lòt pwoblèm
sante. Anvan lontan na jwen enfòmasyon
nonsèlman an angle men to an kreyòl ak an
franse. Nou swete ke sa va pèmèt ou konnen
nou pi byen.
Nou
konnen ke pa janm gen twòp gwo pale ak
diskisyon ki fèt sou zafè fanm ki gen SIDA
(HIV/AIDS) espesyalman fanm koulè yo. Nou
espere ke prezans nou sou entènèt la pwal
ogmante kantite enfòmasyon ki genyen sou
zafè sa yo ak sou lòt pwoblèm sante.
Pou
ka brase nan sit la pi fasil e pou ka vinn
abitye ak tout sèvis ke nou bay yo, mete
sourit la kote ki make pwogram ak sèvis ak
lòt anons yo.
Nou di w yon gwo mèsi pou sit la ke w visite
a. Na p tann critik ak remèsiman w yo pou
nou ka kontinye ba w plus enfòmasyon sa va
pèmèt ou ede nou kontinye travay la. Konnen
ke sa va fè nou anpil plezi chak fwa ke w
vizite sit la.
Nou di w yon gwo mèsi
Konsèy Sant Ayisyen